Ou Pa Nan Plas Mwen Testo

  • Home
  • >
  • V
  • >
  • Vayb
  • >
  • Game Over (2018)
  • >
  • Ou Pa Nan Plas Mwen

Testo Ou Pa Nan Plas Mwen

Ou pa nan plas mwen
Pa konn pwoblèm mwen
Ou pa andan mwen
Pa konn doulè mwen

Pa kwè w te janm reyalize
Tout sa m t ap andire pou relasyon nou te mache
Pa kwè w te pran tan w pou panse
Pou te analize nan vi w sa m te reprezante
Cheri m te toujou vle pou m fè w plezi
Depi m wè w ap souri, zafè m pito soufri
Pou pa mouye, m konn sèvi w parapli
San dra m pito dòmi pou ka byen kouvri

Ou pa nan plas mwen
Pa konn pwoblèm mwen
Ou pa andan mwen
Pa konn doulè mwen

Pwoblèm lavi vi n ap kale m
Tout tan l ap sabote m
Pa g on kote pou m abrite m
Olye pou ou ta sipote m
Ou kontinye ap egzije m
Lè wè m pa kapab ou demake m
Nan pi vye tan nan lavi m ou ban m do
W ap ban m tout vye defo
Santi m pran yon gwo so
M pa ka reponn ak egzijans ou yo
Kounya w ap di m pa t vo
Repwòch tounen kado

Mwen pa t jan m genyen w
Se ou k te genyen m
Avè w m tap prepare
Mwen panse n te ka g on demen
Ou ogmante chagren m
Ou p at jan m renmen m
Lè se mwen k malad, men pouki se ou ki al kay medsen

O o o o
Cheri o o
Cheri w pap janm santi doulè mwen
Mwen pap janm bliye

Eksperyans mwen avè w se yon gwo leson
Nan yon pwochen relasyon, m ap aji yon lòt fason
M pap fè yon lòt sibi tout bagay ou te fè m
Men m ap pran prekosyon ak moun ke m ap bay kè m

Lè yo mande w pou mwen
Ou pa janm bay verite
Se mal ou plis pale, chita voye monte
Mwen se pi vye bagay, pa gen okenn bonte
Pouki se pou pi bon w ap eseye pase

Eksperyans mwen avè w se yon gwo leson
Nan yon pwochen relasyon, m ap aji yon lòt fason
M pap fè yon lòt sibi tout bagay ou te fè m
Men m ap pran prekosyon ak moun ke m ap bay kè m

Èske se la wonte k ap fè ou depale
Mwen vin konn janm pa t bon, se jis lè nou kite
Menm lè manje w pa t gou, m pa t janm di li sale
Pa kritike m k ap vayb, lè kay ou pa bale

O o o o
Cheri w pap janm santi doulè mwen
Cheri ou pa nan plas mwen

Ou pa nan plas mwen
Pa konn pwoblèm mwen
Ou pa andan mwen
Pa konn doulè mwen