César Testo

  • Home
  • >
  • B
  • >
  • Baky
  • >
  • Echec Et Mat (2018)
  • >
  • César

Testo César

Pipo Beat

Menm siw ta wèm bò kotew
antre nou gen yon gran ekar
nou pa gen menm vizyon
Menm siw wèn gen menm regar
Nou pap janm ka gen menm fòs
menm siw ta wèn gen menm pwa
nou pa pral menm kote
menm siw ta wèn fè menm pa

Wap chanje koulè mwen map chanje vi’m
apre album sa fòm ta pran repo
lè’m dim son rapè telman wèm sal
poun ta santin alèz fòm ta chanje po
mkonn wèw pèdi mwen pa konn defèt
tou sak pa tiyem mwen pranl pou leson
nap chache yon atis ki resussi plis plis plis
pa pran pour egzanp mwen la poum defann hip hop
doub blan te nan menm lèw tap pete mi
mwen pran poz razè pou yon mwa
depi lè sa mwen wè tout sak t’avèm tounen enemi
enemi yon bòw yon italyen pou jezi
frèm se pou saw konfonn
mresponsab sam di e jamè mpap responsabl saw konprann

Si gon’w nèg kap rete pou la vi se mwen
si gon’w atis ki merite glwa e mwen
bat bravo pou césar
bat bravo pou césar
Tou moun renmen sa map di
paske mpa dil tankou moun
yo tout renmen jan map viv
poutan mpap viv tankou youn hmm
bat bravo pou césar
bat bravo pou césar

Gad jan rap kreyon la ap inove
ya remèsye’m pou sa si yon vle
karyè’m tonbe lèm bay pilote
gou’l ret amè nan bouch mwen lèm bay siwotel
mchanje katye poum pat gangster
telman le mond chanje kriyote
bon mta pete lobèy sim te G ok
yon di’m gen bèl dan mvinn pè souri
yo dim rapid mvinn pè kouri
nou nan menm panye mvinn pè pouri
siw menase’m map tirew paske pè mouri
kounya map mennen menm pa janm bliye
nou tap barem tou lè’m te avèn
si rap kreyol yon jou te gen mèt
nou mèt kwè tou elèv te avèg
trop pawol pou ta di
menm pa konfyem baw lè zòm
mpat janm malere nan lavim
msot anda vant yon trezò
Baky miyonè achton’w album siw vle sa
met demenm alè
bat bravo pou césar

Si gon’w nèg kap rete pou la vi se mwen
si gon’w atis ki merite glwa e mwen
bat bravo pou césar
bat bravo pou césar
Tou moun renmen sa map di
paske mpa dil tankou moun
yo tout renmen jan map viv
poutan mpap viv tankou youn hmm
bat bravo pou césar
bat bravo pou césar