Konfye Ak Mefyans (La Confiance) Testo

  • Home
  • >
  • N
  • >
  • Nu-Look
  • >
  • I Got This (2013)
  • >
  • Konfye Ak Mefyans (La Confiance)

Testo Konfye Ak Mefyans (La Confiance)

Mwen l'éternel optimiste,
mwen fini pa aksepte
nan lavi fòw pran prekosyon,
ou pa dwe livre kè'w bay tout moun.
Peut être ke se naïveté,
m'toujou kwè nan franc parler,
bay tout moun bénéfice du doute,
M'panse nou tout te konprann ke,
la confiance est elementaire,
se yonn nan première notion
qui regit la loi de l'amitié
Li chokan lè yon moun divulge
saw te di’l en confidence menm si’n pa zanmi anko.

Koral

Nan toute type relation fok gen konfyans li gratwi (2X) Men fok moun nan meritel(Arly)

Nou pa vle egzajere
men se yon reyalite
tôt ou tard nou tout afwonte
danje 'k gen nan fè noun konfyans
Pa juje moun sou karakte w
gen de prensip de base ki ta supoze sacré.
Li chokan lè yon moun divulge
saw te dil en confidence menm si'n ta vin dos à dos...... Ayiti nou tande

Sa pap rive'm anko
Pou yon moun dil zanmim
Poum ouve kem ba li
Les hommes trop pa sincere
Gen sa ki konn jure
Yo se pi bon partnew
Yo menm poze des actes
Ki few fe yo konfyans

Koral

Mais c'est de la confiance
que nait la trahison
yon moun pa dwe
fe moune konfyans a San pou San (2X) Hmm Jamais

Sa pap rive’m anko
Kite de beau diskou fe’m panse yon moun sincere
Pandan lap pran’m sou plan
Wa pe plenyin ave’m le moun fe’m sak pa sa
Epi se ou men’m men’m kap pwayade’m nan do

Koral

Mais c'est de la confiance
que nait la trahison
yon moune pa dwe
fe moune konfyans a 100% (2X)

Si min’m lombraj ou ka trayi ou nan fe nwa
Sa pa dwe etone’w le yon zanmi dezerte’w
Se yon experience kap permet yon non’m grandi
Pran’l avek kouraj et surtout apran’n de li oh oh

Koral

Mwen di le’w bay kou bliye
le’w pote mak fok ou sonje
zanmi kwe mwen m'aprann de ere mwen an

Si min’m lombraj ou ka trayi ou nan fe nwa
Sa pa dwe etone’w le yon zanmi dezerte’w
Se yon experience kap permet yon non’m grandi
Pran’l avek kouraj et surtout apran’n de li oh oh

Koral
Mwen di le’w bay kou bliye
le’w pote mak fok ou sonje
zanmi kwe mwen m'aprann de ere mwen an